Hayti Kiskeya Nouvèl nouvel hayti, aktyalite hayti, haiti news
- Transpò lekòl : DIYITE lanse nouvo sikwi li yo an prezans laprès 15 avril laby Hayti Kiskeya Nouvel on April 15, 2026 at 5:01 pm
Direktè Konpayi Transpò Lekòl DIYITE lanse ofisyèlman, mèkredi 15 avril 2026, plizyè nouvo sikwi pou elèv yo, an prezans jounalis yo. Demach sa a vize amelyore aksè ak kalite sèvis transpò a nan plizyè zòn estratejik. Nouvo sikwi yo kouvri Puits Blain, Sainte Claire, Delmas 75 ak Bourdon, sa ki ap fasilite deplasman chak jou
- Transpò lekòl : DIYITE reòganize sikwi yo epi lanse nouvo trajè apati 13 avrilby Hayti Kiskeya Nouvel on April 10, 2026 at 2:16 am
Nan yon nòt ofisyèl li voye bay paran yo, Direktè Konpayi Transpò Lekòl DIYITE anonse yon seri nouvo mezi pou amelyore kalite sèvis transpò pou elèv yo. Desizyon sa a vini apre plizyè rankont ak paran ki te eksprime enkyetid yo sou kondisyon deplasman timoun yo. Daprè direksyon an, nouvo dispozisyon sa yo ap antre
- Grand Sid : DINEPA kontinye amelyore aksè ak dlo potabby Hayti Kiskeya Nouvel on February 28, 2026 at 12:52 pm
Soti 23 pou rive 25 fevriye 2026, Direktè Jeneral DINEPA, enjenyè Théophil Ostinvil, te fè yon vizit sipèvizyon ak evalyasyon nan travay reparasyon ak agrandisman rezo dlo potab nan Grand Sid, espesyalman nan Jeremi ak Okay.Li te akonpaye ak Direktè Rejyonal Sid la, reprezantan Koperasyon panyòl atravè pwogram UrbAyiti, ekip teknik li ak kèk jounalis.
- Lamothe lanse pwosedi legal kont moun k ap difamasyon sou liby Hayti Kiskeya Nouvel on January 11, 2026 at 12:01 am
Laurent Salvador Lamothe anonse piblikman, sou kont X li, ke li pase nan yon lòt etap nan batay li kont sa li rele kanpay difamasyon ki fèt kont li sou rezo sosyal yo. Ansyen Premye minis la fè konnen kabinè avoka li yo deja angaje pwosedi legal fòmèl kont yon moun k ap viv New
- Nu-Look fè Boston tranble nan yon konsè istorikby Hayti Kiskeya Nouvel on November 18, 2025 at 1:01 pm
Dimanch 16 novanm 2025, gwoup Nu-Look te bay yon konsè ekstraòdinè nan « Boston Symphony Orchestra », devan yon sal ki te ranpli ak plis pase 2 600 moun. Anviwonnman an te chaje ak elegans : telefòn anlè, aklamasyon, ak yon piblik ayisyen ak etranje ki t ap viv chak moman. Arly Larivière, ak yon

